Skip to main content

Fòm CMS-1, Demann pou Konferans Konsilyasyon (Form CMS-1, Request for Conciliation Conference)

Si avi ou an di ou gen dwa pwotestasyon fòmèl, ou ka konteste avi a lè ou mande yon konferans konsilyasyon. Si avi a pa endike ou gen dwa pwotestasyon fòmèl, ou ka sèlman depoze yon pwotestasyon enfòmèl.

Ou dwe soumèt demann ou an anvan delè nou bay sou avi ou an. Nou pa p aksepte yon demann ou soumèt apre delè sa a.

Soumèt demann ou an sou entènèt

Mwayen ki pi rapid ak pi fasil pou mande yon konferans se sou sitwèb nou an.

  1. Konekte oswa kreye yon kont Sèvis sou Entènèt.
  2. Chwazi Reponn avi depatman anba Sèvis nan meni agòch la.
  3. Mete avi ou an anba men ou epi suiv mesaj yo pou ranpli demann ou an.

KONEKTE POU MANDE  KREYE KONT

Remak: Ou pa kapab reponn kèk avi sou entènèt. Al gade nan avi ou te resevwa a pou jwenn enstriksyon yo.

Pwofesyonèl taks yo: Ou pa kapab mande yon konferans pou kliyan ou an nan kont Sèvis sou Entènèt pou Pwofesyonèl Taks ou an. Fè kliyan ou an ranpli epi siyen E-ZRep Fòm TR-2000Aksè nan Enfòmasyon Taks ak Otorizasyon Tranzaksyon.

Si ou pa vle reponn sou entènèt, ranpli Fòm CMS-1-MNDemann pou Konferans Konsilyasyon epi voye li nan faks nan 518-435-8554. Si ou prefere, ou ka voye Fòm CMS-1-MN lan nan kourye lapòs oswa livre li nan men.

Remak: Si teknoloji oswa kominikasyon elektwonik lan pa bon, oswa si pa gen faks, sa pa p retire obligasyon demandè a genyen sou do li pou li depoze demann lan atan jan Lwa Fiskal la egzije sa.

Kote konferans lan ap fèt

Nou òganize konferans yo nan biwo depatman yo ki nan:

  • Albany
  • Binghamton
  • Brooklyn
  • Buffalo
  • Kew Gardens
  • Rochester
  • Hauppauge
  • Syracuse
  • Westchester

Pou diminye tan ou pase ap tann lan, panse pou mande yon konferans konsilyasyon nan telefòn lè ou koche kaz ki di Mwen ta renmen fè konferans mwen an nan telefòn lè ou ap depoze Fòm CMS-1, Demann pou Konferans Konsilyasyon.   Si ou te chwazi yon konferans fas-a-fas anvan men ou ta prefere pou yo fè li kounye a nan telefòn oswa ou ta renmen itilize nouvo kapasite konferans videyo nou an, ou kapab fè demann sa a lè ou voye yon imèl bay Biwo Sèvis Konsilyasyon ak Medyasyon an nan: tax.sm.BCMS@tax.ny.gov.

Sa pou atann pandan tout pwosesis konferans konsilyasyon an

Updated: